MENFP : modèl Relve nòt final anliy pou chak elèv yo pare

Date:

Prezantasyon Relve nòt final anliy, desizyon fen lane, pou chak elèv yo pare, dapre yon kominike pou laprès ministè Edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl (MENFP) soti jodi lendi 29 avril 2024 la. Modèl Relve nòt sa gen ladan l tout matyè ki obligatwa pou premye ak dezyèm sik fondamantal, pou twazyèm sik fondamantal  ak pou nivo segondè, ministè a rapousiv pou l fè konnen.

« […] MENFP kontan prezante 3 modèl Relve nòt yo pou piblik la (gade 3 dokiman sou Relve yo ki akonpaye nòt sila a) », nou kapab li nan kominike ministè a ki soulinye ke chak direktè lekòl gen responsabilite pou aplike desizyon sila a nan anrejistre nòt final elèv yo, anliy, pou tout klas yo sou platfòm Ministè a, nan finisman ane a.

Ministè a soulinye ke dispozisyon sila a rantre nan kad aplikasyon Arete ministeryèl sou estandatizasyon relve nòt nan fondamantal ak segondè ak anons ki te fèt nan kominike pou laprès Ministè a te pibliye nan dat 15 mas 2024 la

Pou plis detay, ministè a fè elèv yo ak paran yo konnen ke, pou kat (4) nouvèl matyè obligatwa yo (Edikasyon sitwayènte, Edikasyon sou teknoloji ak aktivite pwodiksyon, Edikasyon fizik ak espò, Edikasyon estetik ak atistik), chak elèv dwe genyen 50 sou 100 pou pi piti pou ane sa.

Pou enstitisyon Leta a, ansèyman matyè obligatwa sa yo nan lekòl fondamantal ane sa a, enpòtan anpil pou fòmasyon yon lòt kalite sitwayen pou Ayiti. Konsa, li ankouraje lekòl yo kontinye itilize nouvo materyèl ki disponib pou kou sa yo.

Pou sa ka fèt pi byen, ministè a l ap kontinye vanse ak pwosesis nimerizasyon e dijitalizasyon tout done lekòl yo nan peyi a, kote plis pase 2 007 877 elèv deja enskri nan platfòm anliy ministè a, anplis 17 817 lekòl ak 80 273 anseyan.

« Chak elèv sa yo gen yon Nimewo Idantifikasyon Eskolè Inik, ki obligatwa pou enskripsyon kandida lekòl yo nan egzamen Leta yo. Nimeyo sila a ap pèmèt garanti « trasabilite » pakou chak elèv ak etidyan, soti nan lekòl matènèl rive nan inivèsite, epi tou pou fasilite elèv yo jwenn relve nòt ak diplòm atravè biwo MENFP yo ak sou platfòm anliy lan », ministè a presize.

MENFP ajoute nan nòt li a : « Koulye a, Lis desizyon fen ane a ki gen ladann nòt final chak elèv dwe fèt anliy. Se responsab lekòl yo ki dwe fè operasyon sa a sou platfòm MENFP a. Se enfòmasyon sa yo k ap pèmèt Ministè a reponn ak tout demann Relve nòt final pou elèv yo ki gen ladann sèlman matyè ki obligatwa nan kad aplikasyon pwogram ofisyèl Ministè a pou lekòl fondamantal ak segondè ».

Yon lòt kote, ministè a presize ke Pou Relve nòt final pou chak elèv li pwopoze a pa ranplase Relve fen lane (kanè) nan lekòl la pou chak elèv. Li ajoute ke « Se yon zouti ki la pou reponn ak demann manman ak papa pitit, si timoun yo ap chanje lekòl, oubyen pou lòt bezwen ki ta nesesè. Epi tou, sa pral garanti, toutan, done chak elèv yo pwoteje kont nenpòt manipilasyon, e yo pwoteje lè gen yon katastwòf tankou siklòn, tranblemanntè, inondasyon, dife ak lòt ».

Pou ministè a, modèl Relve sa pral garanti, toutan, done chak elèv yo pwoteje kont nenpòt manipilasyon, e yo pwoteje lè gen yon katastwòf tankou siklòn, tranblemanntè, inondasyon, dife ak lòt, pandan l ajoute ke l ap fasil pou jwenn aksè sou done sa yo sou entènèt, pèmèt MENFP ak lòt otorite ki la pou sa fasilite otantifikasyon, sètifikasyon ak legalizasyon pyès sila yo, dapre règleman yo.

Pou fini, « Ministè a salye e remesye tout patnè l ak aktè yo ki konprann enpòtans e apiye modènizasyon done sou lekòl yo, elèv yo ak pwofesè yo. N ap sispann pèdi achiv enpòtan sou lekòl yo ».

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Share post:

[tds_leads title_text="Subscribe" input_placeholder="Email address" btn_horiz_align="content-horiz-center" pp_checkbox="yes" pp_msg="SSd2ZSUyMHJlYWQlMjBhbmQlMjBhY2NlcHQlMjB0aGUlMjAlM0NhJTIwaHJlZiUzRCUyMiUyMyUyMiUzRVByaXZhY3klMjBQb2xpY3klM0MlMkZhJTNFLg==" f_title_font_family="653" f_title_font_size="eyJhbGwiOiIyNCIsInBvcnRyYWl0IjoiMjAiLCJsYW5kc2NhcGUiOiIyMiJ9" f_title_font_line_height="1" f_title_font_weight="700" f_title_font_spacing="-1" msg_composer="success" display="column" gap="10" input_padd="eyJhbGwiOiIxNXB4IDEwcHgiLCJsYW5kc2NhcGUiOiIxMnB4IDhweCIsInBvcnRyYWl0IjoiMTBweCA2cHgifQ==" input_border="1" btn_text="I want in" btn_tdicon="tdc-font-tdmp tdc-font-tdmp-arrow-right" btn_icon_size="eyJhbGwiOiIxOSIsImxhbmRzY2FwZSI6IjE3IiwicG9ydHJhaXQiOiIxNSJ9" btn_icon_space="eyJhbGwiOiI1IiwicG9ydHJhaXQiOiIzIn0=" btn_radius="3" input_radius="3" f_msg_font_family="653" f_msg_font_size="eyJhbGwiOiIxMyIsInBvcnRyYWl0IjoiMTIifQ==" f_msg_font_weight="600" f_msg_font_line_height="1.4" f_input_font_family="653" f_input_font_size="eyJhbGwiOiIxNCIsImxhbmRzY2FwZSI6IjEzIiwicG9ydHJhaXQiOiIxMiJ9" f_input_font_line_height="1.2" f_btn_font_family="653" f_input_font_weight="500" f_btn_font_size="eyJhbGwiOiIxMyIsImxhbmRzY2FwZSI6IjEyIiwicG9ydHJhaXQiOiIxMSJ9" f_btn_font_line_height="1.2" f_btn_font_weight="700" f_pp_font_family="653" f_pp_font_size="eyJhbGwiOiIxMyIsImxhbmRzY2FwZSI6IjEyIiwicG9ydHJhaXQiOiIxMSJ9" f_pp_font_line_height="1.2" pp_check_color="#000000" pp_check_color_a="#ec3535" pp_check_color_a_h="#c11f1f" f_btn_font_transform="uppercase" tdc_css="eyJhbGwiOnsibWFyZ2luLWJvdHRvbSI6IjQwIiwiZGlzcGxheSI6IiJ9LCJsYW5kc2NhcGUiOnsibWFyZ2luLWJvdHRvbSI6IjM1IiwiZGlzcGxheSI6IiJ9LCJsYW5kc2NhcGVfbWF4X3dpZHRoIjoxMTQwLCJsYW5kc2NhcGVfbWluX3dpZHRoIjoxMDE5LCJwb3J0cmFpdCI6eyJtYXJnaW4tYm90dG9tIjoiMzAiLCJkaXNwbGF5IjoiIn0sInBvcnRyYWl0X21heF93aWR0aCI6MTAxOCwicG9ydHJhaXRfbWluX3dpZHRoIjo3Njh9" msg_succ_radius="2" btn_bg="#ec3535" btn_bg_h="#c11f1f" title_space="eyJwb3J0cmFpdCI6IjEyIiwibGFuZHNjYXBlIjoiMTQiLCJhbGwiOiIxOCJ9" msg_space="eyJsYW5kc2NhcGUiOiIwIDAgMTJweCJ9" btn_padd="eyJsYW5kc2NhcGUiOiIxMiIsInBvcnRyYWl0IjoiMTBweCJ9" msg_padd="eyJwb3J0cmFpdCI6IjZweCAxMHB4In0="]
spot_imgspot_img

Popular

More like this
Related